Rezistansdemokratik

Platfòm Politik Rezistans Demokratik (RED)

Nou menm reprezantan estrikti politik, reprezantan asosyasyon, pèsonalite endepandan, reyini nan dat 28 janvye 2024, ansanm ak tout estrikti epi pèsonalite k ap gen pou siyen dokiman sa a, mete sou pye yon platfòm politik ki pote non

Rezistans Demokratik (RED)

Rezistans Demokratik pran angajman pou:

  1. Akonpaye pèp la nan tout revandikasyon, mouvman demokratik pou fòse poutchis Ariel Henry kite pouvwa epi retabli lòd demokratik, gras a bon jan eleksyon onèt ak transparan kote tout moun ladan l ;
  2. Ekzije jistis pou Prezidan Jovenel Moïse ;
  3. Ekzije jistis ak reparasyon pou tout viktim anba vyolans gang yo, tankou fanm ak tifi yo vyole, moun yo kidnape, deplase fòse yo, fanmi moun ki mouri yo elatrye ;
  4. Soutni aksyon ak politik piblik k ap konbat inegalite sosyal, pou pèmèt chak Ayisyen viv pi byen, nan yon sosyete pwospè, ki nan dimansyon rèv ak vizyon zansèt nou yo, kote chak moun reyisi jan l merite ;
  5. Rasanble n lajman laj pou pèmèt tout Ayisyen konsekan an n Ayiti ak nan dyaspora fòme yon fòs chanjman tout bon pou Peyi a ;
  6. Remete Ayiti granmoun tèt li ;
  7. Rekonsilye Nasyon an. 

Estrikti politik, asosyasyon ak pèsonalite ki siyen pou fòme RED:

Fèt nan dat 28 janvye 2024

SIYATÈ PLATFÒM REZISTANS DEMOKRATIK (RÈD):

Jonas Coffy Nan non Ayisyen pou Ayiti
Carlos Guillaume Nan non Mouvement Urgence Nationale (MOUN)
Sterline Civil Nan non Les Engagés pour le Développement (EDE)
Rénald Lubérice Nan non Rasanbleman Jovenelis yo pou Demokrasi (RJD)
Patrick Norzéus Nan non Parti Action pour un Meilleur Environnement National (AMEN)
Lacroix Phèdre Nan non Mouvement des Jeunes de Belladère (MJB)
Rolmy Accida Nan non Mouvman Popilè Balatibonit (MOPOB)
Roseline Pierre Nan non Organisation des Cadres du Sud d’Haïti (OCASH)
Edwin d'Haïti Nan non Mouvement Unifié des Haïtiens Vivant en Haïti et à l’étranger (MOUVHE)
Damocles Régis Nan non Parti Socialiste Unifié haitien (PSUH)
Ralph Jean Nan non Solidarite Non-Stop (SNS)
Claude Joseph Ex-Premier ministre
Marie Giselhaine Mompremier Ex-ministre à la Condition féminine et aux Droits des femmes
Marie E. Antoine Ex-conseillère spéciale, (RJD)
Bedford Claude Ex-commissaire du Gouvernement
Ardouin Zéphirin Ex-ministre de l'Intérieur et des Collectivités territoriales
Jean-Michel Moïse Ex-député
Pierre F. Patrix Sévère Ex-ministre de l’Agriculture et des Ressources naturelles et du Développement Rural
Jean Robens Nan non Réseau des Engagés pour le Développement d'Haïti (RED’HA)